buildOn Global

Edikasyon se yon dwa fondamantal pou tout moun

Nou kwè pi bon fason pou nou elimine lamizè se asire tout moun gen aksè a yon bon kalite edikasyon. Se poutèt sa buildOn asosye ak kominote riral yo nan peyi an devlopman yo, moun ki na zòn lokal yo nan bati lekòl, enskri timoun ki pa lekòl, epi edike granmoun ki pat gen chans ale lekòl yo.


Enpak Global

1841

Bati lekòl nan peyi ki an devlopman yo

249,985

Timoun ak Granmoun ki ap aprann nan lekòl buildOn yo

3.3milyon

Jounen travay volontè ki kontribye atravè manm kominote a

Ki kote n ap sèvi

Nou bati lekòl nan uit nan peyi ki pi pòv ekonomikman sou planèt tè a, nou bay aksè edikasyon pou plizyè santèn milye timoun, paran, ak granparan.

Mouvman Global Nou an

Edikasyon se yon dwa fondamantal pou tout moun, men pifò moun nan mond lan k ap viv nan povwete ekstrèm manke edikasyon debaz yo. Nou angaje pou n chanje sa. Nan peyi ki ekonomikman pi pòv nan mond lan, buildOn ranfòse rezidan lokal yo pou pran devan nan pote edikasyon ak opòtinite nan kominote yo.

buildOn ap travay nan uit peyi diferan atravè kat kontinan an pou bati lekòl ak ti vilaj ki manke sal klas ki apwopriye. Souvan, elèv yo te aprann anba ti kay pay oswa anba pye bwa nan tout kondisyon metewolojik, oswa yo te fòse yo mache plizyè kilomèt chak jou pou lekòl ki pi pre a. Anpil nan yo pa janm mete pye yo nan yon sal klas.

Anvan yo inogire lekòl yo, chak manm kominote a siyen yon kontra ant buildOn ak vilaj la ki dekri kontribisyon nou nan pwojè a. Nou kontribye Enjenyè, materyèl ki soti nan magazen tankou siman, fè etc…, travayè kalifye. Nan kominote nou konstwi yo: yo bay tè, materyo lokal, dlo, ranblè ak patisipasyon kominotè pou bati lekòl la. Chak vilaj pwomèt tou pou yo voye menm kantite tifi ak ti gason nan lekòl la.

Lè yon lekòl fini, anplwaye BuildOn yo evalye epi byen kontwole siksè Kominote a eske li respekte Kontra li te siyen an – atravè yon angajman  sa le te pran pou pwouve kooperasyon an, edikasyon, ak egalite de sèks – yo konsidere yo pou yo konstwi you dezyèm tranch lekòl pou yo.

Apwòch dirab nou an asire lekòl yo bati ak yon kominote, pa pou yon kominote – paske moun nou travay avèk yo se bon patnè yo ye, se pa moun k ap resevwa èd.

Pwogram Global Nou an Bezwen Èd ou

Fè yon don jodi a

Konstwi Yon Lekòl Avèk Nou












Gwo poto mitan metodoloji nou an

Angajman nou an

Anvan yo inogire lekòl yo, chak manm kominote a siyen you kontra ak buildOn yo, kote fè yon pwomès solanèl ant buildOn ak vilaj la ki dekri kontribisyon pa yo nan pwojè a ak kontribusyon buildOn. Apwòch sa a asire lekòl yo bati ak yon kominote, pa pou yon kominote.